Syndicate content

Poukisa enskripsyon lekòl pa ase: Yon kout je anndan saldeklas yo an Ayiti

Juan Baron's picture



An Ayiti, anviron 90% nan timoun ki gen laj pou lekòl primè enskri nan lekòl. Malgre yo poko rive nan nivo enskripsyon inivèsèl, sa a se yon gwo amelyorasyon ki fèt konpare ak jan sa te ye ventan de sa. Men enskripsyon se jis premye etap la nan bati kapital imen - gen anpil timoun ki pral refè yon klas, epitou anviron mwatye pral kite avan yo fini lekòl primè, yap kite sistèm lekòl la san yo pa metrize menm yon ti konpetans nan lang ak matematik debaz. Poukisa patisipasyon nan lekòl pwodwi ti kras?

Gouvènman Ayiti a, sipòte pa Bank la ak Fon Evalyasyon Enpak Estratejik la, te pote kèk obsèvasyon nan saldeklas yo pou ede nou gen kèk limyè sou kesyon sa a. Sèvi avèk yon zouti nan obsèvasyon saldeklas Stallings, obsèvatè yo te chita nan nenpot saldeklas nan yon echantiyon de 97 lekòl atravè Nò Ayiti (youn nan pati ki pi pòv nan peyi a). Rezilta yo nan travay sa a (disponib an plen isit la nan lang angle ak franse) gade kèk bagay etonan sou sa kap pase andedan saldeklas yo an Ayiti:

  • Pwofesè yo prezan epi ap ansèye: Mwayèn tan ki pase nan enstriksyon, rive nan 76%, se 10-15 pwen pousantaj pi wo pase nan lòt peyi LAC yo, jan w ka wè sa nan figi ki anba a. Sa a konsistan avèk rezilta ki montre absans pwofesè nan rejyon sa a an Ayiti pi ba pase nan lòt peyi devlope yo. Tou de bagay sa yo,  pousantaj ki ba nan absans ak pousantaj ki wo nan tan ansèyman yo, ka eksplike an pati de yon fason inik nan ankourajman pwofesè ayisyen fè fas -- plis pase 80% nan lekòl primè yo pa piblik, kote pwofesè yo se esansyèlman anplwaye volontye, epi potansyèlman yo gen pi bon fòmil de responsabilite. Menm nan lekòl piblik, kote asirans pou yo touche pa wo epi sekirite travay pi wo, sa ka motive pwofesè yo tou pou yo vini nan travay la nan lespwa yap evantyèlman resevwa peman.

 
  • Men metòd ansèyman yo pa efikas: Pifò tan ansèyman an pase sou lizan oswa fè yo resite repons yo ansanm nan klas la, epitou souvan repons yo gen rapò ak repetisyon epi memorizasyon. Profesè yo preske pa rekonèt oswa korije anpil repons enkòrèk oswa mank de repons ke obsèvatè yo te remake. Metòd sa yo gen efikasite limite nan anseye timoun, espesyalman timoun piti, konpetans fondamantal mantal yo bezwen pou yo reyisi lekòl. 
     
  • Lang se yon pwoblèm epitou metòd ansèyman yo se yon pwoblèm: An Ayiti, lang matènel pou pifò timoun se Kreyol Ayisyen, olye de franse, epi règleman ofisyèl Gouvènman an se prezante lekti ak redaksyon sèlman an Kreyol pou klas premye ane. Sepandan, franse te prèske vin  gen twa fwa plis chans pou li vin matyè prensipal nan klas premye ane ke yo te obsève yo (34% kont 12%). Sa a poze yon pwoblèm pou konpreyansyon ak aprantisaj, kòm ni elèv yo ni pwofesè yo parèt ke yo manke metrize lang franse a  - se sèlman mwatye nan klas lekti oswa klas ekri nan klas 4yèm-6zyèm ane ke nou te obsève yo ki te anseye prensipalman an franse.  
     
  • An konsekans, anpil elèv yo pa patisipe nan aprantisaj la epitou yo pa vrèman aprann anpil nan saldeklas la: Sèlman apeprè 35% nan tan klas la te pase nan ansèyman avek tout elèv yo tap peye atansyon, sa pi ba pase anpil vwazen LAC yo, jan w ka wè sa pi ba a. Rès tan an, omwens kèk elèv t ap jwe, dòmi, oswa fikse je yo nan lespas. Etid la jwenn ke klas ki pase plis tan nan ansèyman pandan tout elèv yo patisipe gen plis kapasite nan lekti, sa sigjere ke pwofesè ki angaje elèv yo ranfòse aprantisaj la.
Remak: Mwayèn tan ansèyman ak tan elèv ki pa patisipe yo pa reprezante nasyonalman. Wè etid la pou plis detay

Apa de anpil obstak timoun ak fanmi yo fè fas pou yo gen aksè a lekòl  - depans (dirèk ak opòtinite) ak lòt baryè (maladi, dezas natirèl, mank de sante ak nitrisyon, elatriye) - li dekourajan pou aprann ke menm lè yo fè tout efò sa yo pou yo ale lekòl, yo souvan pa jwenn anpil bagay nan sa. Rezilta sa yo fè nou wè klèman enpòtans ki genyen nan bati konesans pwofesè yo pou yo ka anseye pi byen - an tèm de pratik pedagojik ak metriz kontni (espesyalman lang) - kòm yon eleman enpòtan pou ogmante siksè edikasyon.

Gouvènman an, avèk sipò kowòdone patnè nasyonal ak entènasyonal yo, nan pwosesis pou yo devlope yon règleman fòmasyon pwofesè ki ka fè yon diferans nan rezilta aprantisaj yo si li fèt byen epi aplike efektivman. Mo “si” a se yon mo enpòtan nan fraz la - prèv ki sòti nan evalyasyon solid gen tandans montre ti kras enpak nan pwogram fòmasyon pwofesè nan fason tradisyonèl yo. Defi a patikilyèman gwo an Ayiti, kote pifò pwofesè manke diplòm inivèsitè (ak nan anpil ka, yo pa menm gen diplòm segondè). Sepandan, fòmasyon  ki pratik, ki espesifik, epi ki soutni-nan-sèvis ka ogmante anpil efikasite pwofesè yo (gade yon apèsi sou prèv la isit la).  Lè nou pran leson nou aprann nan eksperyans sa yo epi nou devlope apwòch ki travay pou Ayiti, sa ap pèmèt pwofesè yo anseye ak plis efikasite  epi sa a pral yon gwo etap nan direksyon pou fè lekòl pi enteresan e itil pou timoun yo ki fè efò pou yo la.

Camille Simardone te kontribye nan pòs sa a.
 

Vos questions et commentaires (soumis à modération)